Rezime Pa genyen estanda nasyonal jeneral pou òtograf kreyòl ayisyen (KA). Depi ofisyalizasyon alfabè 1980 an, anpil lengwis kontinye travay sou grafi lang lan. Yo pibliye pwopozisyon solid sou kesyon sa a, san yo pa rive jwenn konsansis. Ak teyori lineyaris la (Gourdet 2021), nou analize pifò nan pwopozisyon ki tounen toutan sou sèn syantifik la. Sa mande doub efò pedagojik pou montre ki jan nouvo fòmalis la ki pa sèvi ak kategori leksikal, itilize konsèp lengwistik fonksyonèl pou trete tematik òtograf premye nimewo revi Rechèch Etid Kreyòl la, e ki jan li pèmèt degaje eleman konsansis ki gen chans sèvi fondasyon nòm-estanda grafi KA a. Nou jwenn pou rezilta : (a) konfimasyon solidite alfabè 1980 an kòm fonnman òtograf fonemik KA a ; (b) konsta nesesite reyini yon gwoup lwa idantite fonolojik (LIF) ki chapante òtograf KA a sou fòm didaktik senp elèv lekòl, tradiktè, editè liv ak tout eskriptè ka mobilize pou teste si yon mo-teren byen fòme, oswa yon mo-vini byen kreyolize. Men poutèt nou konnen jij final òtograf kòrèk mo se yon diksyonè referans ki akonpaye aprantisaj lekti ak ekriti, nou degaje fòma yonn ki pou pote presizyon ak konfyans sou òtograf, siyifikasyon, itilizasyon epi òtofoni mo, menm jan ak tout diksyonè lang, men san kategori leksikal, avèk yon alfabè fonksyonèl analitik. Vizyon lineyaris la entegre òtograf nan yon sistèm grafi twa lòt konpozant konplete : yon sousistèm transkripsyon son, yon sousistèm senbòl ki pa alfabetik, yon ekriti analitik pou metrize sentaks lang lan epi make siyifikasyon ak anbigwite enonse. Mo kle : alfabè, nòm-estanda, òtofoni, òtograf, teyori lineyaris.